Viv yon lavi ki onore talan ak valè w

Fè Jounen w Konte

Tout Sa w Dwe Konnen Pou w Òganize Lavi w, Devlope Fokis ak Kreye Travay Ki Gen Valè

Se pa Mank Entèlijans Ki Bloke w Se Mank Fokis

📜 Deskripsyon

Rejwenn ENÈJI, KREYATIVITE ak FOKIS ou te genyen pandan pi bèl vakans lè w te timoun.Fè Jounen w Konte se yon kou anliy-an-gwoup sou pwodiktivite k ap ede w konplete sa w kòmanse, konbat pwokrastinasyon ak reyalize travay ki fè w fyè.Nan klas sa a m ap ba w modèl mantal, metòd, egzanp, estrateji, pratik ak zouti pou w vin yon "Moun Pwodiktif".Tout moun k ap pran klas la ap pran l an menm tan, yon fason pou yo konekte youn ak lòt epi jwenn bon sipò bò kote pa m.Klas la ap ouvè 19 Janvye e l ap fèmen 14 Fevriye 2022. W ap toujou gen aksè ak materyèl aprè dat sa a men w pa p jwenn sipò ak kochin apre 14 Fev.


Ou gen plis nan ou, men metòd pou w mete l deyò

📔 Sa w pra l aprann nan kou sa a:

- Dekouvri estil pwodiktivite w
- Devlope kapasite pou fokis pou yon bon tan
- Aprann kòman pou w konbat pwokrastinasyon
- Devlope sistèm pou jere, delege ak konplete tach jounalye
- Aprann itilize zouti dijital pou ede w pi pwodiktif
- Aprann devlope bon jan abitid
- Devlope yon sistèm pwodiktivite ki mache ak pèsonalite w
- Teknik pou w òganize yon seri pati nan lavi w
- Dekouvri egzanp ak modèl pwodiktivite pou jere tach ou
- Dekouvri yon seri aplikasyon ak zouti pou w byen òganize lavi w

Jwenn plis tan pou w Fè sa w renmen, si w sistematize sa w pa renmen

🏆 Sètifika

Wi lè w fin konplete klas la w ap resevwa yon sètifika :Klas la divze an 7 seksyon:
1. Devlope Fokis
2. Devlope Sistèm Ki Mache ak Pèsonalite w
3. Devlope Woutin & Abitid
4. Jere Tach ak Fòmil LKDRE
5. Devlope Tchèklis ak Modèl
6. Jere Enfòmasyon
7. Revizyon/Evalyasyon


Basic

2500 GOUD

PÈMAN MONCASH 3712-0882
- 20 Videyo Leson
- 10 Modèl (templates)
- 50+ Zouti Pwodiktivite
- 4 Kotchin an Gwoup
- Aksè ak gwoup Slack/Facebook
- 10 Ekzèsis (travay pratik)


Premium

5000 GOUD

PÈMAN MONCASH 3712-0882
- 20 Videyo Leson
- 10 Modèl (templates)
- 50+ Zouti Pwodiktivite
- 4 Kochin an Gwoup
- Aksè ak gwoup Slack/Facebook
- 10 Ekzèsis (travay pratik)
- 1 Kochin Prive

Pwodikivite pa vle di liste tach

Mande Bous/Rabè

Lajan pa dwe anpeche w devlope tèt ou. Si krab la pa gra, ou ka aplike pou rabè sòti 40% rive 100%.

Imajine sa w ka akonpli si w ajoute plis metòd, disiplin ak fokis nan lavi w. W ap fè mirak. W ap rive pwodui lide k ap travèse letan. Enskri avan 1e Me si w vle gen aksè ak kochin an gwoup la.

Ou gen plis kesyon?

Si w gen plis kesyon oswa w ta renmen kontakte m pèsonèlman, klike sou bouton sa a.